Politique
Ansyen prezidan Jocelerme PRIVERT denonse masak gang yo fè sou popilasyon Ba-Latibonit la

Atak gang ame yo fè sou popilasyon Ba-Latinonit la se yon trajedi anplis, yon gwo blesi ki frape tout nasyon ayisyèn nan.

Mwen denonse, yon lòt fwa ankò, ak tout fòs mwen, zak vyolans sa yo ki pa akseptab, ki mete fanmi yo nan dèy, kraze kominote yo, epi febli plis tisi sosyal la ki deja frajil. Pa gen anyen ki ka jistifye mechanste sa yo.

Mwen eksprime tout solidarite mwen ak viktim yo, fanmi yo ak tout moun k ap viv chak jou nan laperèz. Doulè yo se doulè pa nou, epi apèl yo pou sekirite ak diyite dwe jwenn repons.

Nan sitiyasyon sa a, li enpòtan anpil pou otorite yo pran mezi konkrè, rapid ak efikas pou pwoteje popilasyon an, mennen responsab yo devan lajistis, epi retabli yon klima lapè. Enpinite pa ka, e li pa dwe kontinye egziste.

M ap mande tou tout sektè nan sosyete a — òganizasyon sivil yo, lidè kominotè yo, sitwayen yo — pou yo mobilize pou denonse banalizasyon vyolans lan epi ankouraje yon kilti lavi, respè ak solidarite.

Ayiti pa ka kontinye ap antere pitit li yo nan silans. Li lè pou nou aji. Jistis pou viktim yo. Sekirite pou tout moun. Diyite pou pèp nou an.